CCPortal
EPA Mansyone Semèn Nasyonal Preparasyon pou Siklòn  科技资讯
时间:2021-05-12   来源:[美国] 美国环保署

News Releases from HeadquartersLand and Emergency Management (OLEM)

EPA Mansyone Semèn Nasyonal Preparasyon pou Siklòn

05/12/2021
Contact Information: 
Biwo Laprès EPA (press@epa.gov)

WASHINGTON – Avèk chanjman klimatik k ap afekte entansite ak frekans presipitaston Ozetazini, EPA ap ede piblik Ameriken an prepare l pou sezon siklòn nan pandan l ap mansyone Semèn Nasyonal pou Siklòn, 9-15 Me 2021. Sezon Pasifik la ofisyonèlman kòmanse 15 Me, epi sezon Atlantik la kòmanse 1 Jen. Toude sezon yo fini le 30 Novanm.

Selon Administratè Michael S. Regan, “Kriz klimatik la ap alimante evènman meteyo yo tankou siklòn”. “Planifikasyon ak preparasyon ekstrèmman enpòtan pou Trini ak kominote k ap fè fas ak enkyetid nan jistis anviwònmantal, ki te sibi enpak chanjman klimatik la yon fason inegal.”

Genyen plizyè fason pratik ke kominote yo, ak fanmi yo ka prepare epi planifye pou siklòn yo. Anpil planifikasyon ak aktivite prepaprasyon kapab diferan ane sa a akoz pandemi COVID-19 la ki la toujou:

  • Avèk pandemi COVID-19 ki la toujou a, kominote ki potansyèlman afekte pa siklòn yo ta dwe verifye Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (Centers for Disease Control and Prevention, CDC) ak Ajans Federal la pou Jesyon Dijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) pou jwenn lòt prekosuon anplis ki modifye pou sekirite. 
  • Asire w ke ou aktyalize plan dijans yo ak apwovizyònman kit preparasyon yo akoz COVID-19 la. 
  • Rete konekte avèk lidè kominotè yo ak gouvènman lokal yo pou konsèy sou preparasyon pou siklòn.
  • Verifye sit entènèt EPA a sou preparasyon pou siklòn ak retablisman pou jwenn enfòmasyon sou:
    • Dlo potab
    • Dlo ak sistèm eliminasyon dlo
    • Planifikasyon ak jesyon debri katastwòf natirèl
    • Konsèvasyon pwodwi chimik ak angrè
    • Inondasyon
    • Imidite
    • Renovasyon ak rekonstriksyon

Lè siklòn nan frape, EPA a prepare pou kowòdone ak reyalize divès aktivite pou pwoteje sante moun ak anviwònman an. Ajans lan jwe yon wòl majè nan prevni, prepare, entèvni nan moman ijans anviwònmantal ak katastwòf natirèl yo tankou siklòn, devèsman lwil, rejè chimik, biyolojik, radyolojik, ak gran ijans nasyonal nan tout peyi a.

EPA a travay avèk antite federal, antite eta a, ak antite Tribal yo pou bay repons pou asistans lè kapasite ak resous yo te fini. Epitou Ajans lan genyen yon wòl pou jwe avèk kominote yo sou katastwòf natirèl ak rezistans. Ansanm, travay sa a ede popilasyon vilnerab yo fè fas ak enkyetid nan jistis anviwonmantal pandan l ap diminye fado anviwònmantal yo, pandan l ap ogmante avantaj anviwònmantal yo, epi pandan l ap travay an kolaborasyon pou konstwi kominote ki sen, epi ki dirab.

Sant enfòmasyon EPA a pou enfòmasyon sou katastwòf natirèl ak enfòmasyon sou siklòn pou kominote, moun, ak fanmi yo disponib nan: https://www.epa.gov/natural-disasters/hurricane.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou kapasite repons dijans EPA a, tanpri vizite:
https://www.epa.govhttps://www.epa.gov/emergency-response; ak https://www.epa.govhttps://www.epa.gov/hurricane-response.

Pou jwenn enfòmasyon sou siklòn CDC ak konsèy sou COVID-19 la, tanpri vizite:

https://www.cdc.gov/disasters/hurricanes/covid-19/prepare-for-hurricane.html

Pou jwenn enfòmasyon sou konsèy FEMA a sou preparasyon pou siklòn, tanpri vizite:

https://www.fema.gov/emergency-managers/risk-management/hurricanes

     原文来源:https://www.epa.gov/newsreleases/epa-mansyone-semen-nasyonal-preparasyon-pou-siklon

除非特别说明,本系统中所有内容都受版权保护,并保留所有权利。